Jessica Nazaire fèt nan vil Pòtoprens. Li se powetès epi jounalis nan divès medya an liy. Li pibliye nan lane 2019 premye liv li ki se yon rekèy pwezi ki gen pou tit « Pwa Grate » nan edisyon Lawouze. Le Temps Littéraire nan kad aktivite l pou fè koudèy sou zèv otè fanm nan literati ayisyen an ap prezante yon powèm nan rekèy sila a ki gen pou tit Lamitye. Lamitye s on koudèy sou sitiyasyon malsite kap donnen nan katye defavorize. S on pinga pou Leta ki ret debwa kwaze, yon lonje dwèt sou peyi a k ap trepase, k ap pèdi tout branch nan kò l moso pa moso.

Lamitye
ki mele n yon rèv al pann tèt li gran ravin
Pou montre falèz k ap fè sèlfi
Ki mele n yon jounalis tire kont
Sou do yon zanfan
Sa pa mele n si ògèy
plen powèm nan
nan pote sezisman lopital jeneral
Sa pa mele n
si g on machwè ki kòche
Si g on fanm ki balonnen
Anba tabòk mari l
Depi kilè dwadelòm te restavèk tout dwa fele
Lamitye sa pa mele n tou
Si g on bal ki pa fè pridans
Si fatra sèvi kadav atè miyò
Tèt nou pou n di eskiz
palmantè isit pou n kouwonnen
Depi kilè leta bò isit
te konn mezire tout kakarèl
fè pasaj pou rapòsi lestomak nou pote
Poudayè gen adrès leta pote sou lestomak
tankou yon pwomès anemi
Lamitye w a sonje m te di
Pa bò isit
Lajistis s on lafimen van pè bobo
san kwi nan men
Jessica Nazaire, Pwa Grate, éditions de la Rosée, fevriye 2019
Roberto Louis-Charles





Laisser un commentaire